Mutual Aid Medford and Somerville (MAMAS) kòmanse opere 12 Mas 2020 nan lide pou ede kominote a fè fas ak pandemi COVID-19 lan e antisipe frap popilasyon an ta pral pran nan koze sa. Mutual aid (èd mityèl) se montre youn la pou lòt nan kominote a epi mete resous nou ansanm pou nou asire nou ke chak grenn moun jwenn sa yo bezwen. Nou onore long istwa (long history of mutual aid) èd mityèl la nan sonje ke nou pa poukont nou paske nou youn kanpe djanm pou lòt.
9AM-6PM, Chak jou
Rele nou oswa voye mesaj si ou bezwen sipò oswa si ou genyen kesyon. Nou gen moun disponib pou reponn chak jou soti 9è nan maten rive 6è nan aprè midi. Pase lè sa yo, nou ka toujou voye mesaj oswa kite mesaj vokal epi yon moun ap kontakte ou.
Nou gen sipò an Panyòl, Kreyòl Ayisyen ak Pòtiguè ki toujou disponib epi nou ka fè tout mwayen pou nou ba ou yon moun ki pale lang ou.